Fèt Sen Valentin se fèt amoure ak amourez ki fete chak 14 fevriye , tankou anpil fèt na nan Mond lan , Sen Valentin se yon fèt legliz katolik, anpil istoryen dakò fèt sa a pran nesans nan Ròm Antik.
Kote fèt sa sòti ?
Valentin de Terni, alyas Sen Valentin se te yo pè kite refize obeyi ak anperè epok sa a ki te rele anperè Claude 2. Nan epòk sa anperè a te intèdi Maryaj pou gason ki al nan la gè, paske si yo marye yap plis anvi rete Lakay yo ak madanm yo. Valentin de Terni pè sa a pat respekte pawòl anperè Claude 2 , li te kontinye ap marye moun an kachèt. Pawòl la rive nan bouch anperè a yo mete pè a nan prizon, pandan l nan prizon an li rankontre yon demwazèl ki rele Julia ki te avèg, li mande Valentin pou dekri mond lan, poul esplike kòman moun yo ye, nan plede pale pale Julia tonbe damou valentin,jiskaske yon mirak fèt Julia vinn wè.
Tout moun nan anpi Ròm nan tande pale de mirak sa , tout moun ap pale de yon sel istwa damou. Lè Claude 2 ki pat renmen kretyen konnen sa ki pase nan prizon an . Li bay lòd Pou yo touye Valentin de Terni. Solda anperè a matirize aprè yo Touyel, men 14 fevriye 494 , Pap Gélas deside pou onorel lè konsidere Valentin de Terni an Sen Valentin , ki fè chak 14 fevriye yo selebre lanmò Valentin de Terni yon pè ki te renmen selebre maryaj anpil.