Minis Alex Larsen pase lòd ak Direktè Lopital Sent Antwan Jeremi an Doktè Azor, ak Direktè Depatmantal Sante a Doktè Angelot pou bay non tout Medsen ak Enfimyè kap touche lajan Leta san travay pou li.
Minis lan di moun ki al chita tann TPS Etazini kap touche chak mwa nan Sante Piblik, lap koupe sa.
Minis Larsen gen anpil lòt profesyonel ki bezwen travay ki pa ka jwenn travay pandan yon group ap touche lajan san vin travay.
Minis lan di li pral revoke moun sa yo kap touche san vin travay, si Direktè lopital pa bay lis la, se li ki pral gen problem.
Minis Larsen konstate Lopital la ap mal mache, li di tande kri kèk anplwaye, li pral pran dezisyon rapid pou Lopital la ka bay bon sèvis.
Minis Larsen mande pou kanpe sant Coronavirus yo paske Leta dwe pèsonel 6 mwa, li pa vle dèt yo ogmante, lap fin peye moun yo avan li rekomanse.
Li anonse pèsonel Covid-19 yo pral touche 3, 4 nan jou kap vini yo.
Kèk Pèsonel Sante te tou profite fe demand ak revandikasyon yo bò kote Minis lan.
Minis Larsen te tou fè yon komantè sou Jounalis Bob C ki te tretel ti granmoun kap bave an emisyon Gran Boulva a, Minis lan di depi wèw sa Bob C konn dòmi
deyè dol…
Nap raple Minis Larsen te akonpanye ak chef Kabinè, Direktè Depatmantal Sante Piblik Doktè Angelot, Ansyen Senatè Sorel Jacinthe, ak plizye lòt Kad ki soti nan Ministè a.